Kwà Dèboukè : yon presume chèf gang “Nan Remi” tonbe nan boukantaj kout zàm ak lapolis

2,993

04-23-2022

Pòtoprens______(TRiboLAND) Mackenlo Francois, twàzyèm chèf gang kap opera nan zòn “Nan Remi”, Kwà Dèboukè tonbe anba bal lapolis nan moman boukantaj kout zàm ak fòs lòd yo pandan weekend sila.

Mackenlo ki se yon chèf gang san pitye, te fè pati yon gro òganizasyon kriminèl ki tap teworize popilasyon an, selon yon nòt PNH mete deyò. Li te sèl kòk chante, dapwè temwànyàj yon seri rezidan.

Kidonk, pandan PNH la ap fè anpil bwàs pou eradike flewo gang kap grangrennen sosyete ayisyèn nan, Direktè jeneral a.i. PNH la, kontinye ap mande plis senèji ant fòs polis la ak popilasyon an yon fason pou kontinye flite bandi sangwen ki pa sispan ekstèmine pitit peyi a.

Comments are closed.