Yon espektak Sweet Micky nan peyi Lafrans ap pare pou bòykote.

3,002

05-25-2022

Pari, Lafrans______(TRiboLAND) Ayisyen kap viv nan peyi Lafrans ap chofe jarèt yon fason pou lage koukouwouy dèyè do chantè Sweet Micky a, Michel Joseph Martelly.

Aprè yo te fin leve dèyè do ansyen chèf Leta ayisyen an, Michel Joseph Martelly nan peyi blan meriken, sèt fwa si, se kou pa ayisyen kap viv nan peyi Lafrans ki deja lanse yon petisyon nan lide non sèlman pou rele chalbari dèyè do chantè immoral la, men tou voye jete tout lide pèfòmans bandi legal la ki prevwà pou10 jen 2022 a, nan espas Venise Sarcelles.

Nan petisyon sa a, diaspora yo nan peyi Lafrans fè konnen, yo gen gwo enkyetid ak gwo kè kase kont espektak sila ki pral mete anvalè yon nonm yo akize nan krim kont inosan,ti moun piti, jèn ak granmoun.

Nan nòt sa a, yo fè konnen, ansyen chèf leta peyi Dayiti a pa sèlman akize pou zak kriminèl sa yo sèlman, men tou non li site kòm moun kap kole zepòl ak gang ame, san konte krim finansye ak divès lòt zak malfektè.

Fas ak seri zak malonèt sa yo, diaspora kap viv nan peyi Emmanuel Macron an, fè konnen yo santi yo gen gwo tèt chaje lè yo tande se nonm san disiplin ak moralite a kap vin jwe konsè devègonde anndan Lafrans.

Antouka, sitwayen ayisyen kap viv lòt bò a, deja touche manch chemiz yo ak pye pantalon yo, pou tann chantè Sweet Micky a si tout fwa otorite konpetan yo pata tande la rezon.

Comments are closed.