Wanament: Popilasyon An Nan Zòn Tilorye Dekouvwi Kò yon jèn gason san vi San Vi

755

08-21-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon nan zòn Womaribawou dekouvri byen bonè maten lendi 21 dawout 2023 a, kò san vi yon jèn gason ki pa idantifyab.

kadav la ke anpil moun pat kapab idantifye, pat genyen oken pyès legal sou li, daprè Kazék Womaribawou a. Pat gen okenn detay sou lanmò jèn gason sila a ki gen plizyè mak blese sou kò li.

Nap raple, nan dènye jou sila yo, popilasyon an nan Wanament pa sispann jwenn moun mouri nan lari a, yon sitiyasyon ki fè anpil moun ap mande sa kap pase konsa!

Comments are closed.