Lapolis nan Wanament mete Dòmi nan Je “Sa dwòl” ensikoni ak 2 lòt blese

906

08-21-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Brigad entèvansyon (BI) mete dòmi nan je “Sa Dwòl” ensikoni ak 2 lòt blese jounen lendi 21 dawout 2023 a.

Daprè lapolis “Sa Dwòl” gen abitid komèt move zak malonèt nan zòn nan. Enfòmasyon yo fè kwè li ta yon bandi baz Mapou, ki toujou ap teworize popilasyon an nan menm lokalite sa. Konsta yo revele “Sa Dwòl” ta resevwa plizyè bal.

Nap raple lòt 2 moun ki blese yo, se nan moman lapolis tap tire dèyè “Sa Dwòl; konsa, plizyè bal mawon arive sou yo.

Comments are closed.