Nòdwès / Chansòlm: Lapolis mete men nan kòlèt 4 prezime bandi

272

10\16\20

Chansòlm____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon, lapolis nan chansolme rive poze men nan kòlèt 4 jenn gason. Mesye sa yo ki se: Similen Ronès 26 lane, Duverné Edelin 24 lane, Maréus Pédro 23 lane ak Norvélus Roland 27 lane, maten vandredi 16 oktòb 2020 sa a.

Endividi sa yo sóti nan Lafag, 6e seksyon kominal Sen Lwi Dinò ki vin pran refij yo nan komin Chansòlm, lokalite nan Rosier. Prezime bandi sa yo te fè echanj anpil kout zam ak fós de lód yo anvan yo te arive poze lapat sou yo, selon pòtpawòl Polis Nòdwès la, enspektè Joseph Léonel.

Konsa, Similen Ronès, Duverné Edelin, Maréus Pedro ak Norvélus Roland, ki t ap tèworize komin Sen Lwi Dinò a, gen divès akizasyon ki peze sou yo tankou: asosyasyon malfektè, vòl ak men ame ak plizyè lòt krim pou n site sa yo sèlman ,toujou daprè pótpawòl polis nodwès la, enspektè Joseph Léonel.

Enspektè Joseph Léonel bay popilasyon Nòdwès la garantie lapolis ap fè tout sa l kapab pou mete anba kòd tout bandi ki konprann yo kapab vin pran refij yo nan kèlke swa komin depatman nódwès la.
N ap raple, gen bandi ak gwo zam nan men yo, nan moman saa, kap flannen san kè sote nan plizè seksyon kominalSen Lwi Dinò, depatman Nòdwès. Bagay sa a lakoz popilasyon an ap dòmi yon je fèmen, yon je louvri.

Komin Chansolme, depatman Nòdwès,
Saint Jean Wiskis

Comments are closed.