Ensekirite, nan depatman Grandans ap taye banda chak jou ki jou

981

14 Janvye 2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Depi kèk mwa diferan kouch sosyal depatman Grandans lan, sitou moun kap frekante wout Jeremi – Kay lan, fè konen nèg ak gro zam otomatik matin jodi samdi 14 janvye 2023 a, ap fouye pasajè, vyole yo, pwan bijou ak telefòn, e pote ale lajan kout ponya ki nan men yo,ke yo prete nan bank.

Bandi sa yo san okenn laperèz kap opere, lajounen kou lannwit, profite absans komisarya ak lapolis ki pa genyen nan kèk komin depatman an, non selman yap fè move zak sa yo sou sitwayen ak sitwayenn pezib, men tou yo volè moto. Sa pa genyen lontan, yon gwoup nèg ak zam volè yon oto bus nan zonn Kafou Tima, premye seksyon kominal Wozo.

Fenomèn ensekirite jeneralize sa a, pa selman sou wout Jeremi-Kay lan, soti vil Jeremi, pase Mafran, Mowon, Chanbelan Dam Mari, Anzdeno pou rive Lèziwa limit Grandans jiska depatman Sid. Nèg ak zam rann zonn sila yo pa frekante jan sa te fèt avan an. Tandiske zonn kot lan se lan ki genyen la dan’l ansanm lokalite ki sot site yo. Kidonk, nan moman te konn genyen lib sikilasyon pou kouch sosyal depatman Grandans lan, e kès leta te rantre plis tax.

Nan kontak TRiboLAND ak Direktè depatmantal enstitisyon polis nasyonal la nan Grandans, Mesye Jean Louis Paul Menard poze pwoblèm moyen lojistik ak ase polisye pou garanti sekirite popilasyon an jeneral, nan mille rekile yo kou nan gran vil yo. Nan sans sa a, divès oganizasyon tankou, (IDETTE) ki se inisyativ depatmantal kont move tretman ak trafik moun, mande direktè jeneral PNH lan. Mesye Frantz Elbé rezoud pwoblèm ke depatman Grandans ap konfonte yo sou plan sekirite. Nan rezoud keksyon efektif polis lan, ak materyel tankou pikup, zam, ak konstri yon komisarya nan kèk komin Grandans lan, exanp komin Bomon depi plizye ane edmi, aprè yon gwoup moun te finn boule lokal komisarya, koz yon polisye ki te tire yon chofe taksi avèk yon bal nan tet. Depi lè a pa genyen prezans lapolis nan Bomon; e pa genyen sekirite sou tout fòm nan Jeremi ou nan Grandans an jeneral.

Blackout, se youn pami yon ansanm faktè ki bay bandi yo posibilite pou komèt zak malonèt sou sitwayen yo pi byen. An gro, apa oganizasyon nan sosyete sivil lan ki leve vwa yo kont ensekirite a, genyen tou payzan yo ki ankouraje otorite yo pou di yon mo. Akoz yo pa genyen okenn lot peyi pou yo ale.



Comments are closed.