Nan yon sikilè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mete deyò, Minis lan mande pou tout lekòl Pwofesyonèl yo enskri sou platfòm an liy lan

552

08-21-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou respekte ansanm pwensip ak rekonèt tout enstitisyon ki ap bay kontribisyon yo nan edikasyon tout kalite, ak pèmèt diplòm lekòl pwofesyonèl yo ap bay tout kote, MENFP atravè yon sikilè mande pou tout lekòl pwofesyonèl, enskri sou platfòm an liy lan.

Responsab Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ankouraje konsène yo vizite sit Ministè a, www.menfp.gouv.ht apati mwa oktòb kap vini la.

Enskripsyon sa yo ap pèmèt lekòl pwofesyonèl, teknik ak enstitisyon ansèyman siperyè yo resanse nan tout peyia.


Comments are closed.