Lapolis mare kon grab 2 endividi nan yon otèl sispèk nan komin Taba

460
0
Share:
TRiboLAND

03 – 13 – 2025

Taba, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwo operasyon polis efektye jounen jedi 13 mas 2025 lan komin Taba. Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI), an kolaborasyon ak komissarya lokal la, te fè yon pèkizisyon nan yon otèl sispèk.

Daprè enfòmasyon ke TRiboLAND arive boske, pote boure polisyè sa te arive fèt nan kad kèk enfòmasyon ki te mete lapolis sou alèt. Sou plas, ajan yo te arive arete de moun, men idantite yo ak rezon arestasyon yo poko ofisyèlman klè ditou konnen.

Pèkizisyon an te pase san gwo konfwontasyon, men li remete an kesyon anpil pwen entèwogasyon nan mitan popilasyon lokal la; ki sa ki te vrè objektif yon parèy arestasyon? Eske moun yo te arete yo te nan aktivite kriminèl?

Kounye a, otorite yo rete diskrè sou dosye a, men yo pwomèt pou bay plis enfòmasyon nan kèk èdtan. Entèvansyon polis sa a relanse diskisyon sou sekirite ak lit kont krim nan kapital la.

Share:

Leave a reply