Pou konbat, vyolans seksyèl ak koripsyon, nan depatman Grandans lan, OCNH òganize yon kozri.

1,042

08-18-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Òganizasyon sitwayen yo pou yon Nouvèl Ayiti (OCNH), nan tèt kole ak Wo Komisarya Nasyon Zini pou dwa moun ak sipò fon Nasyon Zini pou konsolidasyon lapè, te òganize yon kozri, jounen vandredi 18 dawout 2023 a nan vil Jeremi.

Jounen bwase lide sila, te fèt sou tèm “aksè ak lajistis, pou moun ki sibi vyolans seksyèl, nan jiridiksyon jeremi an, nan pespektiv pou lite kont koripsyon.

Nan kad kozri sila, sou direktif, direkté ekzekitif OCNH lan, mèt Carmille Occius, plizyè diferan sektè etatik e nan sosyete sivil lan, te patisipe aktivman nan deba yo.

Ansanm sektè yo, dakò pou te mete kanpe, yon selil kont koripsyon, konpoze manm sosyete sivil lan, pou veye bònn mach sistèm jistis lan, nan depatman Grandans lan.

Comments are closed.