Plizyè sitwayen nan komin Sen-Lwidinò ap mande Travo Piblik branch Nòdwès esplikasyon sou kòb wout Pòdpè/Ansafolè a ki ta sanble fè wout dekoupe

845

08-18-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Regleman pa gate zanmi! Aprè plizyè mwa silans, travayè-teknisyen Travo Piblik yo nan kad travay wout Ansafolè/Pòdpè a, pa sispann pwovoke gwo reyaksyon lakay divès sitwayen k ap viv nan plizyè komin nan depatman Nòdwès la.

Se ka plizyè dizèn sitwayen nan komin Senlwidinò, tou kòm nan komin Ansafolè, ki pran lari ak pankat leve anlè, pou mande ak direktè depatmantal Travo Piblik Nòdwès la, Joseph Angelot Horacius, esplikasyon sou kot kòb wout Pòdpè/Ansafolè a, ki ta sanble ki gagote.

Sitwayen sa yo avanse plizyè rezon tankou fèt Sentànn ak fèt Senlwidinò a, ki genyen valè nasyonal gras ak pèleren k ap sòti pasi pala, pou vin patisipe nan 2 gwo fèt sa yo.

Mete sou danre peyizan yo ki fin pèdi valè yo, akòz aksè difisil wout yo, se divès rezon ki pouse yo mande ak Horacius, enjenyè tèbati a, ak tout akolit li yo, ki kote kòb wout Pòdpè/Ansafolè a pase?

Comments are closed.