Sou envitasyon direktè depatmantal espò Nòdwès la, lapolis arete 2 vòlè sangwen ki tap koupe fè konstwiksyon nan yo pak nan lokalite Lasalin.

1,070

Alexis Frandley ak Charles Ludès, se 2 endividi sa yo, lapolis arive mete anba kòd pou tèt ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, ta ba yo lòd koupe fè nan Pak espòtif Lasalin nan pou konstwi yon simetyè.

08-18-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi plizyè jou, direktè depatmantal Jenès Espò ak aksyon Sivik branch Nòdwès la, Walkens Joseph, ke tout moun konnen sou non, Coach Vwa, tanmen yon pelerinaj kont tandans malveyan ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma, ki li menm vle akapare teren Sant espòtif Lasalin nan, ki twouve li nan 3èm seksyon Polen/Lakòn, pou konstwi yon simityè san pye san tèt.

Direktè depatmantal la, ki li menm sèmante sèt fwa e swa-sant-disèf fwa, kou sa pap pase; li pran baton pèleren li, pou solisite yon konsta bò kote jij Maxime Dumagène, ak sipò divès lòt gwo tèt nan aparèy jistis la nan Nòdwès, san konte plizyè rapò ki deja ap fè vire tounen Pòtoprens/Pòdpè, nan lide pou frennen deriv mal entansyone aktyèl ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, ki vle fè dap-piyanp sou teren Sant espòtif Lasalin nan, ki deja kòmanse konstwi; pou vin konstui yon swadizan simityè modèn pou vin fè lajan.

Nan sans sa a, lapolis nan vil Pòdpè, sou lidèchip direktè Walkens Joseph; deja mare kou krab, Alexis Frandley ak Charles Ludès ke Josué Alusma te ba yo lòd koupe fè kite twouve yo nan espas Sant espòtif sila.

Pou direktè a, pèsòn pa sou tèt la lwa, menm si yo te jwenn ajan egzekitif enterimè a, Josué Alusma ap fè dezòd nan espas la, lapolis t ap mare li kou krab.

Pou anpil moun, ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, deja genyen anba zong li, kòb divès malere ak malerèz pou plas kav nan espas Sant espòtif Lasalin nan. Yon dosye TRiboLAND ap swiv ak anpil atansyon.

Aksyon voye vòlè al koupe fè sou yon espas ki konte itil tout yon popilasyon, raple nou kèk ane pase, kote 2 jèn gason ki te al kase Eveche Pòdpè a, e youn nan yo te kouri kite peyia pou vòlè, e jounen jodia a, retounen ap fè lalwa kòm gwo otorite sivil nan vil Pòdpè.

Comments are closed.