Atis Ayisyen yo jwenn enspirasyon nan ERO Gòl Kòp 2019 la

0 338

Pèfomans pozitiv ke Seleksyon Nasyonal Dayiti arive fè nan Gòl Kòp 2019 la, pa sispann pote yon ti frechè terapetik ak yon revèy de fyète nasyonal pou yon popilasyon ki pa sispann eksplwate, imilye e abandone.

La, nou vle zoum sou gwo mouvman kap fèt atravè peyi-a pou onore ERO nasyonal nou yo ki sot lange monn entènasyonal-la anba sezisman nan okipe twazyèm plas nan konpetisyon Gòl Kòp 2019 la. Yon lòt fwa ankò avèk yon elan patwiyotik ak espwa, gwoup (RAM) ki se Rassemblement des Artistes de Martisan nan tèt kole ak plizyè atis lokal mete ansanm pou yo onoreatravè “art” eroizm jwè foutbolè ayisyen nou yo.

Mouvman sa  ki chita sou fè miral artistik avèk yon seri atis pwofesyonèl tankou: Frans Pierre-Louis (Kafou Fèy), Romilus Papouch (Kalfou Richès) ak Walgens Pierre-Jean konte derape ak yon parèy mouvman soti depi Kalfou Richès rive nan plizyè lòt katye ki pwal repwodwi imaj chak jwè nan espwi katye defavorize-yo.

Yon mouvman parèy gen ase dinamik viral pou li ta etann li nan tout katye atravè repiblik-la kòm yon revèy patwiyotik, yon elan despwa, ak yon volonte pou di “wi a netwayaj e bèlte”.

Leave A Reply