“Bagay 9 Plis” se yon òganizasyon jenn nan Sentelèn, ki bay tèt yo misyon pwòpte vil Jeremi pou peryòd fèt fen ane 2023 a

266
0
Share:
TRiboLAND

12- 17- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gwoup jenn gason ak jenn fi, nan katye popilè Sentelèn, ki fè pati òganizasyon “Bagay 9 Plis”, pran desizyon pou pwòpte vil Jeremi pandan peryòd fèt Nwèl lan ak komansman ane 2024 lan.

Sekretè jeneral lan, Jean Beaucejour ki tap entèvni nan mikro, TRiboLAND fè konnen motivasyon yo kòm jenn ki pwan inistyativ pwopte vil Jeremi, se akoz absans Travo Piblik ak La meri nan Jeremi, pwoblèm pil fatra sou fòm pyramid, chaje ak tout kalite matyè pa ba yo kè sote.

Li ale pi lwen pou fe konnen genyen yon sèl òganizasyon non gouvenmantal ki se EPER ki sipòte yo nan chèche jwenn materyèl ak pèmèt yo rafrechi yo nan moman yap travay anba solèy kou lapli.

Share:

Leave a reply