Nan objektif pou fè mizanplas pou bay kouran elektrik nan vil Jeremi, prezidant komisyon kominal enterimè Jeremi an, rankontre direktè regyonal EDH lan nan Jeremi.

938

03 – 19 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Aprè yon blakawout plis pase twa lane ki genyen nan Jeremi, prezidant komisyon kominal enterimè Jeremi an Sylmatha Pierre ak ekip administratif li, rankontre direktè EDH lan, Germain Riollonest.

Objektif rankontre lan, daprè majistra Pierre, se kolabore ak responsab EDH yo nan Jeremi yon fason pou konbat tenèb nan vil la. Aprè plis pase twa lane blackout, responsab yo ap fè bwas yon manyè pou repwann kouran an nan vil Jeremi ak pou satisfè popilasyon ki bouke soufwi.

Nan kad chita pale a, majistra Sylmatha Pierre diskite sou posibilite pou ta genyen, patenarya ant meri Jeremi ak EDH, pou pi byen sèvi kominote jeremyènn lan.

Comments are closed.