La vèy 7 fevriye 2026 lan, direktè depatmantal polis nasyonal lan nan Grandans mande popilasyon an rete tèt frèt.

02 – 06 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND ) Direktè depatmantal enstitisyon polis lan nan Grandans Frantz Saint Armaand, nan kad yon entèvyou ak TRiboLAND mande popilasyon an rete tèt frèt. Li rapouswiv, pou li reyitere volonte enstitisyon polis la, pou asire sekirite lavi moun ak pwoteje byen sitwayen, sitwayènn yo e pèmet lib sikilasyon atravè katòz komin depatman Grandans lan.
Chèf polis lan nan Grandans, ankouraje kèlke swa moun lan nan depatman Grandans lan, kapab enfòme lapolis nan nimewo 3805 5555 pou pataje tout enfòmasyon sou kesyon sekirite, sitou konsènan enkoni ke yo genyen sispisyon zak malonèt sou kelkeswa endividi an.
Finalman direktè Frantz Saint Armand, bay garanti tout inite espesyalize PNH lan nan Grandans, resevwa enstriksyon fòmèl pou ranfòse vijilans polisyè yon fason pou kwape tout evantyèl atoufè ki panse yo ka vinn simen latwoublay ak mete dèy nan mitan popilasyon sivil lan.






