Òganizasyon Tèt Ansanm pou devlopman Koray Gicha, rekòmanse travay konstriksyon wout ki relye komin Senlwidinò ak seksyon an.

805

01 – 27 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou relye komin Senlwidinò ak Koray ak seksyon an, òganizasyon Tèt Ansanm pou devlopman Koray Gicha re-antame travay konstriksyon wout prensipal la jounen samdi 27 janvye 2024 la.

Selon pòtpawòl òganizasyon an, Emmanuel Pierrilien, òganizasyon an ap travay san pran souf pou konekte seksyon an ak komin nan. Li pwofite okazyon an pou mande responsab yo nan leta pou pote kole ak yo pou rann travay yo pi efikas.

Yon lòt bò, pòtpawòl la te prezante diferan pwojè òganizasyon an pral devlope nan pwofi popilasyon an tankou: dispansè, lekòl kominotè, pon, sant kiltirèl pou ede jèn yo devlope talan yo, san konte tèren foutbòl elatriye.

Manno deklare, yap travay pou amelyore to delenkans jivenil lan nan mitan popilasyon an. Jiskaprezan yap tann konkou tout moun konsekan nan peyi a pou ede yo fè fas ak tout pwoblèm jèn yo ap konfwonte nan patikilyèman nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.