Plis pase 2 mwa apwè inondasyon 3 jen 2023 a, otorite yo nan Leyogan pako jam prezante yon rapò definitiv sou katastwòf natirèl sila a.

775

08-16-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plis pase 2 mwa apwè inondasyon 3 jen 2023 a, otorite lokal yo nan komin Leyogan pako janm prezante yon bilan definitiv pou bay konbyen moun ki mouri, disparèt, kay ki kraze, andomaje, e jaden ak tèt betay dlo pote ale nan lanmè.

Se deklarasyon militan politik Pierre Romane, kap viv nan site Anakawona a, nan kad yon entèvyou li akòde ak jounalis pandan pasaj plizyè jounalis Tigwav nan komin Leyogan jounen mèkredi 16 dawou 2023 a.

Sitwayen angaje a, Pierre Romane ki fè konnen dlo pase nan Gran Simetyè Leyogàn nan, detere zo mò yo ale ak yo nan lanmè, sa ki lakoz tout sous dlo yo kontamine. Yon sitiyasyon ki lakoz popilasyon an, ap fè fas ak divès ka maladi pami yo dyare, bouton, lafyèv ak grip, dapwè Pierre Romane.

Toutfwa, militan fawouch pouvwa defakto tèt kale 3èm vèsyon an, Pierre Romane mande minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, Rosemond Pradel pou voye materyèl anjen lou pou aseni vil la, kanalize dlo yo, fè kiraj rivyè yo, yon fason pou amelyore soufrans popilasyon Leyoganèz la.

Comments are closed.