BID lanse ofisyèlman pwojè enfwastrikti woutyè Sen Lwi Dinò – Pòdpè e Sen Lwi Dinò – Ansafolè

415

06/05/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan kad chèche konnen ki sa kap fèt pou kondisyon lamantab twonson wout Komin Sen Lwi Dinò ak Pòdpè e Sen Lwi Dinò ak Ansafolè, TRiboLAND te genyen ti bat bouch ak plizyè ajan egzekitif enterimè nan depatman Nodwès la, patikilyèman Estima Gaston (Sen Lwi Dinò) ki tap reyaji sou lansman ofisyèl BID pou demaraj pwojè enfwastrikti woutyè yo.

Majistra Gason pat ezite montre souri nan vizaj li lè li te apran atravè TPTC ke pwojè woutyè yo finalman pwàl kòmanse. Pou responsab la ki tap patisipe nan konferans BID la anndan Delegasyon Depatmantal Nodwès la, se pwàl yon veritab rèv ki pwàl vini yon reyalite! Malgre li rekonèt toujou genyen yon seri kontrent avèk BID nan fè kanpe travay yo si tout fwa nòm yo pa respekte; sepandan, li gen konfyans nan TPTC, ki ba li garanti ke pwojè yo ap kontinye menm lè manda pwezidan Jovenel Moise la pran rive nan bout li, paske gouvènman an deja sinye tout kontra yo, dapwè ajan egzekitif la.  

“Koulya, li rete pou BID dedomaje residan ki genyen kay kraze yo e ki deja sansibilize nan kad sipòte yon parèy pwojè; si se pou popilasyon an, yo deja pare”, dapwè majistra Gaston ki tap depoze sou TRiboLAND.

Genyen anpil posiblite pou pwojè enfwastrikti woutyè yo demare nan mwa jwen sila. Konsa, yo pwàl koute yon bagatèl 15 milyon dola vèt pou 27 kilomèt wout, nan zòn solèy leve depatman Nòdwès la.

Nap raple, sa fè plis ke 2 lane pa janm genyen yon traktè ki pase sou wout Sen Lwi Dinò ak Pòdpè a. Kondisyon transpò nan yon parèy zòn se kalvè ak kalamite total kapital. Li pran swasant minit pou sòti Sen Lwi Dinò pou antre Pòdpè, alòske se yon wout ki apepwè nan tan nòmal pran 20-30 minit.

Comments are closed.