Inisyativ Sosyal Yahve Nissi nan Pòdpe: Edikasyon mache ak valè Moun ki dèyè kat miray

283
0
Share:
TRiboLAND

02/22/2026

Pòdpe, Ayiti______(TRiboLAND) Lekòl Yahve Nissi franchi yon lòt etap ak aprantisaj la nan vil Pòdpe. Plis pase disèt lane depi enstitisyon aprantisaj sila ap delivre pen lenstriksyon, madam Bertha Pierre ak tout mari li, pastè Wilguins Numa franchi yon lòt etap nan sa ki genyen pou wè avèk “aprantisaj aktif atravè aksyon sosyàl”.

Konsa, jounen vandredi 20 fevriye 2026 la, responsab yo te inisye yon gwo eskisyon, kote ke yo te oblije kite espas tradisyonèl la pou al vizite kondisyon sant kaseral komin Pòdpè a. Pèsonèl la ki te an gran panpan, te fòmèlman akonpanye plis pase 400 aprenan ki ta pra’l, pou premye fwa viv ki sa espas penitansye Site Kapwa Lamò a ye e ak ki kalite moun ki anndan’l.

Konsta yo te sisite anpil kriye, emosyon ak pitye lakay aprenan yo ki viv yon etap ki genyen gwo enpak nan vi aprantisaj yo. Efò konsète yo te fèt bò kote yon latriye paran ki pat ezite bay asistans nan diferan nivo; swa nan pwodwi alimantè, kwizin e kotizasyon ki ta pra’l fasilite yo nouri plis pase 450 prizonye pandan yon remakab jounen.

Antouka, kote ki genyen chèn pa genyen kou! Imajine ki kantite zafè administrasyon Lekòl Yahve Nissi a t’ap fè avèk yon parèy inisyativ si yo te genyen resous adedwàt ou nesesè, anpil espwa tap jayi pou anreye to kriminalite a ak delenkans jivenil la nan depatman Nòdwès peyi.

Yon parèy aksyon sosyàl konsa, denonse vizyon, aksyon sivik ou devwa sitwayen, sitou lè li vize pwomote moralite nan mitan sosyete a. Bwavo Yahve Nissi pou yon parèy inisyativ ki vize deplase aprenan yo nan kat miray klas la, epwi mennen ou delivre enstriksyon an nan kat miray dèyè bawo! Ou se reyèlman yon referans pou vil Pòdpe.

“Nou pa sèlman fòme elèv, men nou aprann yo valorize moun; paske tout moun se moun”, se deklarasyon madam Bertha Pierre, direktris angaje enstitisyon Yahve Nissi a, ki tap depoze nan mikwo yon media nan Site Kapwa Lamò a.

Share:

Leave a reply