Pòdpè : Madam Schnaïdyne Derus mobilize sitwayen pou netwaye chan avyasyon an, yon espas ki tounen depotwa fatra

140
0
Share:
TRiboLAND

11/21/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Madam Schnaïdyne Derus pran devan yon gwo mouvman sitwayen pou netwaye chan avyasyon Pòdpè a pandan 2 jounen konsekitif, yon espas ki tounen yon veritab depotwa fatra depi plizyè ane. Pou Derus, ki se yon pitit zòn nan, sitiyasyon sa a reprezante yon gwo defi, men li konsidere li tou kòm yon responsablite sitwayèn ki pa ka neglije. Se nan sans sa a, li te lanse inisyativ sila pou kontribye nan chanje figi espas la epi pote yon nouvo souf nan anviwònman vil la.

Sou lidèchip li, ansanm ak mouvman « Ansanm nou ka fè l », plizyè moun te mete men nan travay pou bay chan avyasyon an yon lòt aparans. Konsa, yo te lanse yon apèl bay tout sitwayen ki gen bon volonte pou mete tèt ansanm nan efò sa a, yon fason pou espas ki te konn sèvi kòm teren aterisaj avyon epi kòm yon kote moun te konn al pran detant kapab reprann ansyen valè li. Inisyativ sila ki te yon mega travay, te jwenn akonpayman Meri Pòdpè ak Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC).

Malgre sipò enstitisyon sa yo, Madam Schnaïdyne Derus fè konnen patisipasyon tout sektè nan sosyete a rete esansyèl pou travay la kapab kontinye epi abouti. Nan sans sa a, li konte sou solidarite sitwayen yo, tankou Pastè Jean Claude Thervil elatriye ki toujou montre angajman li nan divès inisyativ k ap fèt nan vil la.

Bagay kap fèt sou chan sila, se rele 2 men nan tèt; popilasyon an nan rejyon an, kontribye anpil nan konpile fatra tout kalite chak fwa yon sektè fè ti efò pou debleye fatra. Konsa, yon mouvman ki depase senp netwayaj, li mande plis kolaborasyon otorite yo ak konsyans sitwayèn ou responsablite kolektif. Si se pa sa, nou tout ap peri fas ak yon parèy dezas anviwonmantal ki deja ap dekri sou chan an.

Share:

Leave a reply