Plis pase 450 ti moun te vin resevwa jwèt ak kè yo sou biskèt, se inityativ Direksyon Radyo Marconi FM nan Pòdpè nan tèt kole ak patnè li yo.

1,042

01-02-2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè Radyo Marconi FM nan, mèt Ychmyth Corneille ke tout moun konnen sou non Rambo, distribye jounen lendi 01 janvye 2024 la, plis pase 450 jwèt bay ti moun yo, nan okazyon 220è anivèsè peyi Dyiti.

Distribisyon jwèt yo te fèt nan lokal Radyo a menm ki tabli kòl, nan ri Benito Sylvain kote plizyè paran te sòti nan divès kwen nan vil Pòdpè ak nan plizyè lòt komin, pou te akonpanye ti moun yo nan lide pou te vin resevwa jwèt yo.

Malgre gwo van nòde ak anpil lakilbit nan ane 2023 a, sapa anpeche Radyo Marconi FM ak divès patnè li yo tankou : Fondasyon TRiboLAND, Fondasyon Folona, Joël Lorcket, Notre Dame dépôt de Bernex Elizor, Chamat de Ronald Labranche, kontinye mete souri nan vizaj ti moun yo ak yon jwèt, jan sa te konn fèt nan ane ki pase yo.

NB: Distribisyon an ap kontinye mèkredi kap 03 janvye sòti 2è pou rive 5è nan menm lokal Radyo a.

Comments are closed.