Eta kritik lekòl Nasyonal Richard Brusson nan pòdpè montre peyi a livre anba dirijan vwàyou

2,557

03/23/2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Konstwi depi nan lane 1983 anba lobedyans gouvènman Jean Claude Duvalier, lekòl Michelle Benett Duvalier, ki vinn pote non lekòl Nasyonal Richard Brusson aprè tonbe rejim Duvalier a, twouvel vrèman nan yon sityasyon degradan nan vil Pòdpè.

Malgre batiman an fisire, degrade, dekalke, kalboso e menm depalote moso pa moso, sa pa entèpele swadizan otorite responsab yo nan kad prosesis ansènyeman aprantisaj la.

Edikasyon nan tan lontan te yon privilèj, koulya li vin devni yon dwa; ki sa ki anpeche aprenan ayisyen yo jwi dwa sa a? Si pwosesis ansèyman aprantisaj la dwe dewoule nan yon milye ki aseni, ki sa ki anpeche aprenan ayisyen yo jwi fui sa a? Ki tip edikasyon yon aprenan kapab resevwa nan yon sityasyon vye kay kraze?

LETA ayisyen atravè manman lwa peyi a nan atik 32.2 fè nou kwè ke edikasyon se yon chaj pou li ak tout kolektivite tèritoryal yo.

Si edikasyon an se yon chaj pou LETA ak kolektivite tèritoryal yo, an absans LETA santral la pa entèmedyè sèvis desantralize li ki se direksyon depatmantal edikasyon. Ki wòl mèri a ta dwe jwe pou anpeche yon malè pandye sou tèt aprenan yo nan lekòl Nasyonal Richard Brusson an?

Dapwè enfòmasyon TRriboLAND arive rekeyi, vye moso debri kap dekapite sòti anlè lakòz divès timoun deja al panse sou kabann lopital san konte lòt ki toujou ap blese.

Pou fini, n ap lanse yon SOS bay LETA santral la ak tout kolektivite tèritoryal yo notaman Mèri Pòdpè a, yon mannyè pou founi je gade e prevni malè pandye sou tèt etidyan nan lekòl Nasyonal Richard Brusson an nan vil Pòdpè.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.