Komite Kòporasyon Tribinal Depè Pòdpè a, reyisi yon bèl seyans fòmasyon pou Fonde Pouvwa yo

903

08-16-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jodi mèkredi 16 dawout 2023 a, Komite Kòporasyon Tribinal Depè Pòdpè a, reyisi yon seyans fòmasyon pou Fonde Pouvwa yo, nan site Kapwa lamò a.

Seyans fòmasyon an, te dewoule nan sal odyans tribinal la, e li te genyen kòm entèvenan: Pwofesè Yves Martial, Jij nan Kou Dapèl Gonayiv la ki akse fòmasyon an sou teknik Pledwari. Majistra akse ak jiris yo sou yon seri pwensip ki reji fason yo dwe pran swen dosye yo, depi nan montaj rive nan tribinal la.

Pwosedi yo fèt nan fon ak fòm, anpil fwa Avoka yo konn gen bon Dwa bò kote yo, men anpil fwa, yo pa respekte pwensip yo, sa bay advèsè a avantaj ki ka menm fasilite li genyen koz la.

Lansman fòmasyon an te fèt pa Jij titilè a.i tribinal la, Me Yonel Obsaint; answit Prezidan kòporasyon an, Me Yves Augustin avan menm entèvenan, Me Yves Martial te kòmanse ak diferan entèvansyon yo. Anviwon yon senkantèn Avoka ak Fonde Pouvwa te reponn prezan nan yon parèy fòmasyon.

Comments are closed.