Roberto Mancini remèt demisyon li kòm antrènè Ekip Itali a

936

08-13-2023

Wòm, Itali ___(TRiboLAND) Nan yon kominike Federasyon Foutbòl Italyen an pibliye jodi dimanch 13 dawout 2023 a, yo anonse demisyon seleksyonè yo, Roberte Manchini.

Roberto Mancini ki te pran rèy ekip Itali a nan lane 2018, pa briye nan Koup Dimond, men pèmèt ekip nasyonal la te rive ranpòte koup Ewòp Nasyon yo, nan lane 2020 nan faskare ak Seleksyon Angletè a, nan diskisyon nan final Lig Nasyon yo.

Federasyon an pa bay koz demisyon ansyen coach Enter de Milan, Manchester City a, pou-n site sa yo sèlman. Men, yo anonse yo pran ak demisyon an; kidonk, yon desizyon yo pat atann ak li, fas ak angajman seleksyonè a te genyen pou diskite 10 ak 12 septanm kap vini la, 2 match enpòtan pou kalifikasyon ekip italyèn lan nan pou Ewo 2024 la.

Nan yon delè ki pa twò lwen, yo pwomèt yap kominike non moun kap gen pou pran rèy seleksyon Itali a.


Comments are closed.