Tantativ bwàkaj nan yon sukisal UniBank nan Okap Ayisyen

2,116

11/26/2021

Kap Ayisyen_______(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nò peyi a dejwe jodi vandredi 26 novanm 2021 an yon tantativ bwàkaj yon gwoup bandi ame tap eseye fè nan yon sukisal UniBank nan Ri 18 A nan vil Okap Ayisyen.

Selon sa yon sous polisyè konfime, lapolis arive mate kou a lòske fòs lòd yo nan moman patwouy tap fè laviwonn dede zòn nan te entèvni e dejwe plan bwàkaj pwezume kriminèl yo. Pliizyè nan bandi yo  jwen arestasyon yo, dapwè sa responsab yo rapòte.

Li enpòtan pou sinyàle, kout sènay sa pa kite popilasyon an endiferan; pasan ak zenyè te pwofite bay gwo aplodisman ak ochan pou taktik ak devouman ajan lòd yo te deplàye pou arive poze lapat sou bandi sangwen yo.

Comments are closed.