Mèt Reynold Georges: konseye afè jiridik prezidan Jovenel Moise bay demisyon’l

330

Pòtoprens____(TRiboLAND) Mèt Reynold Georges, konsèye afè jiridik ou boul pik prezidan Jovenel Moise bay demisyon’l jodi vendredi 17 jwiyè 2020 an. Avoka a ki te toujou ap defann yon seri desizyon chèf Deta a, finalman reyalize politik k’ap mennen anndan administrasyon rejim Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a pa ale an amoni avèk sa li kwè.

Nan yon lèt “ce n’est qu’un au revoir” li voye bay prezidan Jovenel, Mèt Georges di ke li pa santi konsèy li yo arive ateri ni pran an konsiderasyon bò kote pouvwa a. Anplis, wòl l’ap jwe kòm konseye jiridik la ap lage’l nan obligasyon pou’l ap defann yon seri oryantasyon ke li pa aprouve e ki mete’l nan yon move sitiyasyon antan responsab politik e avoka.

Mwen gen detèminasyon reyèl pou’m sèvi prezidan an, men avan tout bagay mwen vle rete fidèl ak pèp ayisyen an ansanm ak Konstitisyon peyi’m, daprè sa Mèt Georges deklare.

Comments are closed.