Ekzekisyon some 2 malere granmoun nan komin Pestèl.

603

08-13-2023

Pestel, Ayiti____(TRiboLAND) Jean Patrick Guillaume, alyas Pouchon, se yon ajan polis palmantè, nan komin Pestèl ki arete 2 granmoun gason e minote yok on krab, sou pwetèsk 2 pèsonaj sila yo se lougawou.

Jean Patrick Guillaume, alyas Pouchon, pa fè oken lòt bagay ke, fizye 2 granmoun gason yo, e aprè misye mete dife sou kadav yo.

Swit ak yon parèy krim, lajistis nan komin Pestèl lanse “manda pote vini” dèyè pwezime kriminèl lan, Jean Patrick Guillaume, alyas Pouchon, pou reponn keksyon lajistis, malgre sangwen an deja kraze rak.

Nap raple, dosye lougawou nan komin Pestèl, se gwo dosye! Anpil inonsan ta sanble egzekite tou senpleman sou akizasyon “lougawou”.

Comments are closed.