Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan lan bay demisyone ofisyèlman.

11 – 07 – 2026
Tigwav, Ayiti_____(TRIboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan lan, Jean Ernest Muscadin remèt lèt demisyon’ l ofisyèlman. Komisè Muscadin ki esplike li te ekri yon lèt minis jistis la, Patrick Pélicier yon lèt depi plis pase yon semèn, se jounen vandredi 06 novanm 2026 lan, li deside aksepte lèt demisyon lan.
Jean Ernest Muscadin deklare li pa nan tèt pakè ankò akoz li resevwa akize resepsyon ki di minis jistis la ak sekirite piblik la, Patrick Pélicier aksepte lèt demisyon lan. Pandan l presize se depi plis pase yon semèn, li ekri minis la lèt demisyon’l.
San pèditan minis jistis ak sekirite piblik la , Patrick Pélicier te pwosede ak ranplasman komisè Muscadin, ki se Axcel Trofort, nouvo Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan lan.






