Prezidan ajan egzekitif enterimè komin Beladè a, deside demisyone akòz eta sante li ki pa fin kòdjòm.

838

Macklish Ledoux deside mete fen nan sèvis li, nan tèt Mèri Beladè a, se sou konsèy salitè, Medsen swanyan li yo.

06-10-2023

Beladè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon lèt li adrese minis kap jere zafè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal peyi a, Dr Ariel Henry, prezidan ajan egzekitif enterimè komin Beladè a, Macklish Ledoux, enfòme minis lan, ke lap mete fen nan sèvis li nan tèt Mèri a.

Ansyen majistra eli a, ki te deja pase 4 lane nan Mèri a, mete sou 3 lane kòm ajan egzekitif enterimè, pa deside kontinye sou lòd medsen swanyan li yo.

Pou jere administrasyon kominal la, ansyen majistra a mande ak minis kap jere zafè enteryè peyi a, nome prese prese, yon lòt sitwayen, yon mannyè pou mennen bak administratif komin nan.

Comments are closed.