Frantz Elbé, se nouvo Direktè Jeneral a.i. PNH la

2,069

10/21/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Dènye monte zak kidnapping yo atravè peyi a soulve tèlman pwotestasyon kont enkapasite Direksyon Jeneral PNH la, fòse Léon Charles remèt demisyon li. Pou anpil moun sa te dwe fèt depi sou pwemye echèk Direktè ki pat sispann afiche kretinism ak amateyism nan yon parèy pozisyon ki pat fèt pou mezi pye Léon Charles.

Frantz Elbé, ansyen direktè depatmantal Nip ki ta sanble jwen benediksyonse Pwemye minis Ariel Henry pou pran kontwòl direksyon ak resisite polis Nasyonal la nan plas Léon Charles ki genyen apepwè 11 mwà ap voye flè. Nominasyon Frantz Elbé ap genyen pou ofisyèlman parèt nan jounal ofisyèl repiblik la, “Le Moniteur”.

Comments are closed.