Me ki sa TRiboLAND konnen sou difikilte teknik sistèm bankè ayisyen an ap fè fas la.

1,075

06-19-2023

  • BRH, ki se bank santral peyi Dayiti, ap fè fas ak gro difikilte teknik pandan plizyè jou.
  • Entèkoneksyon ant bank ak bank pa disponib; konsa, tranzaksyon bank ak bank an mal makak. Dapwè sa ki ale jwenn kliyan yo, yon parèy sèvis pa disponib jiska nouvèl lòd.
  • Sistèm pèyman ant bank ayisyen yo ki rele “SPIH” pa fonksyonèl depi plizyè jou nan tout bank komèsyàl yo atravè peyi Dayiti.
  • Pandan yon parèy tèt chaje ak sibè-espas la, otorite bankè yo anndan peyi Dayiti, pa soti oken kominike bay popilasyon an.
  • Sistèm bankè nan tout peyi, toujou resevwa sibè-atak san rete chak jou ki jou. Ekosistèm bankè ayisyen an kapab resevwa anviwon depase 6,000 atak chak jou. Sa ki esansyèl nan sans sa, se degaje’w mete baliz ou pwoteksyon estriktirèl ou sekiritè ki byen djanm nan sibè-espas la.
  • Anpil enfo ki bay lawouli pa manke anvayi rezo sosyàl yo sou yon parèy pwoblèm ak BRH. Sepandan, genyen endikasyon ki ta montre ke se yon seri entòks, malgre silans otorite konsène yo kreye anpil dout ak bouch pa gou lakay kliyan yo ki sou mòd panik.
  • Anpil espekilasyon ap fèt sou yon posiblite sibèatak ki ta penetre sibè-espas ayisyen an e paralize SPIH depi plizyè jou; sepandan pou kèk ekspè tankou ansyen DG KONATEL la, Enjenyè Jean Mary Altema, pa kenbe.
  • Akote SPIH, PRONAP ak sèvis konpansasyon elektronik yo fè egalman yon kanpe. Nan sans sa, responsab yo anvizaje yon estrikti pou konpansasyon manyèl yo ki gen pou wè avèk chèk negosye yo. Sa se ka Unibank kap trese lèl, yon fason pou kontinye bay sèvis la jarèt.
  • Li enpòtan pou konnen, konpansasyon pou kontwòl negosye yo se 5 jou ouvèti nan kapital e 10 jou ouvèti pou zòn rejyonal yo, daprè yon dokiman sou yon seri direktiv kliyantèl la ta sanse jwenn bò kote BRH.

Comments are closed.