Selon direktè depatmantal sanitè Grandans lan, kolera pa yon fatalite.

754

08-11-2023

Wozo, Ayiti- ( TRiboLAND ) Selon direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Angello Duvelson, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè kominote Woslèz lan konen ke kolera ekziste tout bon vre e lap fè dega.

Direktè depatmantal sante a nan Grandans peyi, mande manm popilasyon an sitou nan komin Wozo, kote genyen fwaye kolera a, pou paran mò yo, pa pran plezi yo, nan fè vèy pou moun ki mouri nan maladi kolera a.

Daprè doktè Angello Duvelson, ministè sante piblik ap ranfose siveyans ak kontwòl maladi kolera a, nan komin Wozo kou nan rès komin depatman an.

Siveyans ak kontwòl sa yo, non sèlman ap pèmèt travay sansibilizasyon kominotè a fèt, men tou ede moun yo konen kòman pou yo lite kont maladi kolera a.

Comments are closed.