Otorite lokal yo nan vil Jeremi ap fè kolònn pou konba ensekirite a

888

04 – 04 – 2024

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan Egzekitif Entériné meri Jeremi a òganize yon rankont jodi jedi 04 avril 2024 la, ak divès lòt otorite tankou responsab Polis la ak Jij Dorilas reprezantan tribinal de Pè Jeremi an. Nan moman zak ensekirite yo ap vale teren, otorite yo nan chèf lye depatman Grandans lan renouvle angajman yo pou konbat flewo malfektè sila ki finn efondre peyia.

Depi ane 2024 la, moun Jeremi pa sispann viktim zak ensekite sou tout fòm, tankou: bwakaj, nèg ak zam ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon an.

Nap raple, nan moman rank`ont sila, gwo chabwak lokal yo pa sispann mize sou kolaborasyon popilasyon an nan desitire bandi sangwen malonèt kap komèt zak kriminèl nan kanton an.

Comments are closed.