Opozisyon an nan Nòdwès mande fòk Jovenel Moïse ale 7 Fev 2021

420

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak lapwès jounen mèkredi 3 jwn 2020 sa a, pati politik ki fè pati opozisyon an nan rejyon Nòdwès la mande aplikasyon Konstitisyon Ayisyen an.

Selon kowòdonatè Ayiti An Aksyon an (AAA), Me Cadet Ductan, PHTK ap jwe yon jwèt mètdàm ak odas pou l kapab rete sou pouvwa a. Men se byen jwe mal kalkile! Maman lwa peyi a klè kon dlo kòk. 7 Fevwiye 2021 pwochen, se dat limit Jovenel Moïse nan Palè Nasyonal.

Me Cadet Ductan


Nan sa ki gen pou wè ak deklarasyon OEA kap mande pou Prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa 07 Fev. 2022, Cadet Ductan di deklarasyon sa a pa fè opozisyon an ni cho ni frèt paske misyon OEA se apiye answit enstore diktati atravè Amerik la. Ductan rapouswif pou l mande ki kote OEA te ye lè Jovenel Moïse tap voye Palman an ale.

Antouka, mwa Septanm 2O20 sa a, mobilizasyon manch long pral deklannche atravè tout peyi a kont Jovenel Moïse pou fè l konnen 7 Fevwiye 2021 se dat limit enkapab la pou l rache manyòk li, bay tè a blanch.

Saint Jean wiskis/TRiboLAND

Comments are closed.