Me ki sa TRiboLAND konnen de dènye devlopman Siklòn Elsa

521

07/03/2021

  • Fe Elsa fè yon ti desann tou piti maten samdi 3 jwiyè 2021 an pandan li kontinye ap gwonde nan direksyon Karaib la e Florid, dapwè dènye devlopman yo.
  • Nan yon pwemye tan, syantis kap swiv trajektwà Elsa yo, pwevwà ke siklòn nan ki konte touche Florid madi byen bonè, ka jwen sou wout li gwo building ki te efondre nan Surfside la, nan Florid; sepandan genyen yon lòt posiblite pou li ekate l de Florid si tout fwa li kontinye ap degrade.
  • Elsa ki te genyen yon mache pwese van frèt ki te nan 85 km/è byen ta nan vandredi ki tap fè kap pou Ispanyola, fe Elsa vin desan yon ti kras a 75 km/è maten samdi 3 jwiyè 2021 an, dapwè Sant Nasyonal Ouwagan ki tabli kò l nan Florid.
  • Elsa te a yon distans 285 km ès-sidès Isla Beata, Repiblik Dominikèn, e a 620 km ès-sidès Kenston, Jamaik, dapwè rapò metewolojik yo. Li tap trese lèl ak yon velosite anviwon 29 km/è selon sant ouwagan an.
  • Ekspè yon panse ke genyen anpil posiblite pou fe Elsa desann e tranfòme an tanpèt twopikal osito ke li rive sou Kiba.
  • Ayiti, nasyon ki pi pòv nan bò wès Ispanyola a, trè vilnerab fas ak inondasyon e eboulman teren sitou lè genyen tanpèt akoz pwoblèm erozyon ak debwàzman; konsekans, kriz politik kwonik, echèk gouvènabilite ak limitasyon resous, se tout peyi Dayiti ki ta sanble menase nan sans sa.
  • Otorite Repiblik Ayisyèn, atravè UHM ki genyen nan tèt li Doktè Jerry Chandler, te tou senpleman alète sitwàyen yo avèk “alèt oranj” e mande yo evakye (nòt SEMANA) si tout fwa ke yo abite tou pwè dlo ak flan mòn; apa de sa, jan sa toujou fèt pa genyen anyen konkrè ki reyèlman anplas antèm plan pweparasyon ak Pwoteksyon Sivil ki genyen nan tèt li Enjenyè Marcelin Sterling (tout sa esplike rezon ki fè Ayiti genyen sèlman yon sant metewolojik ki tou senpleman yon bagay delux nan kapital la depi dig dantan).
  • Pa genyen oken “plan de contingence” pou siklòn nan peyi Dayiti; swa dizan otorite yo, yo toujou lage kò yo nan espekilasyon e menm kraze tout fon plan dijans ki ta petèt egziste.
  • Dirijan ayisyen mal fòme ki toujou rete tann lòt peyi pou lonje men ba yo, ta sanble pa menm genyen yon strikti pweparasyonèl, lojistik, amenajman, rezèv alimantasyon e kit ijyenik ijans ki an plas nan nivo pwovens yo ( pa menm yon rezèv boutèy dlo nan nivo chak pwovens, pou nou pa di kit alimantè).
  • Tandiske, nan lòt bò ès Ispanyola, otorite Repiblik Dominikèn yo ouvwi plis pase 2,400 abri pwovizwà pandan ke yo espere jwen anpil lapli jodi samdi maten an.
  • Plizyè majistra atravè Eta Florid deja revize tout stock apwopwiye ke yo te deja mete disponib pou nenpòt ki peryòd siklonik.
  • Otorite Florid yo alète rezidan pou yo revize ak achte tout sa ki figire nan lis pweparasyon (dlo, manje konsèv ki pa kapab gate, batri, flash, radyo e latriye….) siklòn yo ki toujou distribye bay tout rezidan chak ane.
  • Tou konpayi elektrik ak dlo ki deja pwepare, ap swiv deplasman Elsa trè pwè; alòske plizyè èpòt atravè Florid pa sispan bay Elsa kontwòl sere sere.
  • Se anpil ensètitid sou trajektwà Elsa ki menase pou pètube plan vwàyàj yon kantite ameriken nan okazyon 4 jwiyè a, komemorasyon endepandans Etazini.

Comments are closed.