Jounen mobilizasyon 7 fevrye 2024: plizyè blese, ak anpil biznis biwo leta vandalize.

915

02 – 07- 2024

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Plizyè santènn manifestan ki kont pouvwa gang lan, manifeste jounen 7 fevriye 2024 lan, nan Jeremi kote yon bon valè manifestan ak reprezantan medya an liy, blese anba bal polisye sangwen.

Nan menm jounen mobilizasyon sila, manifestan yo nan Jeremi, rantre nan divès enstitisyon leta, pami yo direksyon depatmantal ministè komès ak endistri, proteksyon sivil, agrikilti ak biznis prive kote moun yo pote ale materyèl ki genyen anpil valè.

Nan kad mouvman sa yo, lapolis parèt enpwisan; li pa arive devye ou limite dega yo. N ap fè remake, aksè pou sikilasyon fèt byen nan Jeremi pa ditou fasil, akoz barikad ak baryè ki soude sou pon ki bay aksè ak kèk lòt komin depatman Grandans lan.

Comments are closed.