Asosyasyon volontè pou devlopman Fòlibète (AVDK) prezante plan konstriksyon “Tour 450 lane” vil Fòlibète

917

08-09-2023

Fòlibète, Ayiti ____(TRiboLAND) Pou selebre 450 lane kòmin Fòlibète, AVDK (asosyasyon volontè pou devlopman Fòlibète), prezante bay piblik la plan konstriksyon “Tour 450 lane” vil Fòlibète nan lane 2028.

An prezans divès manm nan sosyete sivil la, Lameri, Lajistis ak plizyè lòt enstitisyon etatik nan komite kap prepare 450 lane kòmin Fòlibète a, prezante yon plan byen elabore sou yon konstriksyon yon estrikti achitektiral ki pral mete an valè plis pase 4 stèk depi ekzistans vil Fòlibète, ki se yon patrimwànn nasyonal.

Komite AVDK a ap di tout moun pote kole, nan kad kontribisyon pa yo, kòm sitwayen avize pou reyalizasyon yon parèy Jalon istorik sou 450 lane ekzistans komin Fòlibète.

Comments are closed.