Fèt patwonal Sen Jozèf fete an fwatènite nan komin Fòlibète

1,080

03-21-2023

Fòlibète, Ayiti___(TRiboLAND) Fèt patwonal Sent Jozèf nan chèf lye depatman Nòdès la, selebre jounen lendi 20 mas 2023, an prezans otorite lokal yo ak diferan enstans nan sosyete sivil la.

Reveran Monseyè Kenel Alphonse nan omeli sikonstans lan profite di moun Fòlibète ke “jodia se fèt Sen Jozèf, fòk tout pitit komin nan mete tèt ansanm jan sa kòmanse fèt la pou komin Fòlibète rete yon komin referans”.

Reveran pastè Dyozèz Fòlibète a, mande pèp la pou yo fòme yon kominote modèl, kote youn ap voye je sou lòt. Lè gen yon pwoblèm se ansanm pou n rezoud li. Kesyon chak koukouy klere pou je’w la, pap bay oken rezilta. Pa kanpe gade pou n kite bagay yo dejenere, men aji toujou nan fwatènite.

Nap raple divès aktivite te rive reyalize nan okazyon fèt Sen Jozèf ki te kòmanse soti 17 jis rive 20 mas 2023.

Jn Simon Manex jnsimonmanex8@gmail.com

Comments are closed.