Fòlibète Jistis: Jij Enstriksyon Magarette George lanse yon manda pote Mennen vini dèyè direktè INARA, Armand Éberle

867

Jij enstriksyon Magarette George, mande direktè depatmantal polis Nodès la, Marc-Andre Cadostin pou mare direktè INARA a pote mennen ba li.

08-31-2023

Fòlibète, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon korespondans nan dat 29 dawout 2023, ki genyen antèt kabinè enstriksyon, Jij premyè enstans tribinal Fòlibète a, Magarette George enfòme direktè depatmantal polis Nodès la, Marc-Andre Cadostin gen yon manda pote mennen vini kont mesye Armand Eberle.

Jij George ekri direktè imigrasyon ak emigrasyon pou anpeche DG INARA a kite peyi a. Li pran yon parèy desizyon, kèk jou aprè DG Éberle Armand te boude envitasyon l nan tribinal sivil Fòlibète a.

Enfòmasyon yo ta fè kwè, jij la ekri Premye Minis Ariel Henry pou mande l mete DG Institut National de la Réforme Agraire (INARA) disponib pou li vin reponn kesyon lajistis.

Direktè Armand Éberle ki ta gen plizyè akizasyon ki peze sou do li tankou : asosyasyon malfektè, destriksyon ak ensandi byen piblik.

Comments are closed.