Direksyon Kou Siperyè Dèkont Grandans lan, mande chèf sèvis piblik yo pou respekte sa lwa di, nan zafè depans Leta.

712

07-13-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè depatmantal Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif Grandans lan, Yves Robert Destra mande pou chèf sèvis piblik yo respekte regilasyon yo nan zafè depans Leta.

Destra ki tap entèvni nan kad yon bwase lide ak diferan sektè ki fè pati estrikti leta a nan depatman Grandans peyia, plede pou ke majistra yo atravè 14 komin depatman lan, menmjan ak lot enstitisyon tankou ,TPTC, MSPP e latrye, soumèt dokiman pwojèt oubyen kantite lajan ke yo vle dekese a.

Direktè Yves Robert Destra ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen lwa sou fonksyonman Lakou Siperyé Dèkont ak Kontansye Administratif, se alafwa yon tribinal ki rann yon fonksyonè Leta koupab ou pa.

Comments are closed.