Direksyon depatmantal MJSAC, branch Nòdwès mande ak popilasyon an, kanpe pou defann pwojè Sant Espòtif Polen/Lakòn nan.

969

Pa pwofite espas la pou fè lajan, bay depatman an yon chans poul kontinye defann pwojè Sant espòtif la, se kri Direksyon Depatmantal Jenès ak Espò, branch Nòdwès la.

08-09-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Ministè Jenès e Espò ak Aksyon Sivik, branch Nòdwès, ki genyen nan tèt li, Coach Walkens, mande ak popilasyon an, leve kanpe pou defann pwojè Sant Espòtif ki tap reyalize nan 3e seksyon Polen/Lakòn nan, patikilyèman nan lokalite Lasalin ke zèfèyis yo, vle fè dap-piyanp sou teren an, pou regle zafè lajan yo.

Pou direktè depatmantal la, yon Sant Espòtif pou depatman an, ap genyen anpil enpòtans. Konsa, sa ap kapab ede jenès la kouri lwen plizyè fenomèn tankou, kenbe zam, drivayès, delenkwans jivenil ak yon lòt ankò; men pito pou lage yo nan lwazi epi kondwi yo sou chimen pozitiv ak etikèt sitwayen djanm..

Yon sant espòtif, se yon valè kiltirèl, yon espas defoulman ke nou dwe goumen kont zèfèyis, ekspè an soudevlopman yo, ki senpleman vini san tit e san konpetans nan chèche tout filyè lajan, yon fason pou popilasyon an kapab pèdi pwojè a.



Comments are closed.