Pri pwodwi premye nesesite yo pa sispann ogmante nan mache piblik Jeremi an.

861

08- 09- 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Selon temwayaj majorite manm popilasyon an nan vil Jeremi depi plizyè mwa, pri pwodwi pou moun manje yo pa sispann grenpe.

Anpil abitan ki entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konnen yon ti sak diri blan, sou administrasyon Jovenel lan kite konn vann 2500goud, pou konnya ap vann 5000goud nan mache piblik Jeremi an.

Pou sitwayen yo nan Jeremi, se yon krim san parèy, dola ameriken an bese, mesye dam detayan yo pa antann fè okenn konsiderasyon pou mas pèp lan. Peyizan yo ki pa konnen ki sen pou yo adrese, pou achete yon goblè diri pou ke yo pa mouri grangou.

Fas a grangou kaliko sa a, ki pa genyen ni lanvè, ni landwèt, makonen ak yon chomaj san limit nan yon moman fanm, kou gason nan ekip sou pouvwa a, ap dekese milyon nan ķès leta san ke okenn travo pa realize.

Comments are closed.