Malgre abitan yo nan komin Ans-wouj fè anpil sèl, sa pa anpeche yo resevwa gwo pataswèl anba men lamizè.

870

07-13-2023

Ans-wouj,Ayiti____(TRiboLAND) Abitan yo nan komin Ans-wouj pa janm sispann resevwa gwo vag move lavi, anba men lamizè; malgre komin lan chanpyon nan pwodiksyon sèl nan depatman Latibonit lan, ki alimante prèske tout rès peyia.

Sepandan, pwoblèm estrikti ak zouti pou akonpanye abitan yo, lakòz gwo Tèt eskanmòtè ki sòti nan kapital peyi Dayiti a, ak divès lòt nan vil pwovens yo, pran sèl la pou piyay, epi lage ti peyizan yo 2 bwa balanse.

Mete sou pwoblèm sèchrès la, ki touye anpil jaden ak zannimo, abitan yo nan komin Ans-wouj nan moman n ap pale a, ap konnen lavi difisil e lavi pa limen espwa! Yo konnen tout kalite lakilbit sosyàl e pa sispann resevwa gwo pataswèl nan izòlman fas ak yon Leta ki fè yo konnen ke yo pa egziste.

Malgre pwodiksyon sèl la, se yon filyè ekonomik fyàb, sa pa anpeche popilasyon an ap patoje nan nan mizè tout kalite. Sèl la ap pèdi valè nan men yo, yon fason pou al pran valè sou mache nasyonal la, anba boul je Leta initil la.

Plede anfavè bon jan akonpanyeman, pou abitan yo nan Plèn nan, Leta dwe vire zye gade yo paske yo fè pati repiblik la tou.

Comments are closed.