Collin Powell: Trump pase akote Konstitisyon an

329

Wachenntonn____(TRiboLAND) Ansyen Sekretè Deta Ameriken an, Collin Powell deklare jodi Dimanch 7 jwen an ke Pwezidan Donald Trump ap navige akote Konstitisyon an.

Entèvansyon Jeneral Powell la venn ogmante yon lis deklarasyon ansyen retrete wo grade militè kritike seryezman fason pwezidan Trump reponn a gwo vag pwotestasyon nasyonal kap fèt sou fason polis touye George Floyd la.

“Nou genyen yon Konstitisyon. E nou dwe swiv Konstitisyon an. Pwezidan Trump ap ekate konstitisyon an”, dapwè Powell, yon jeneral retrete afwo-ameriken ki te aktif sou Pwezidan George Bush.

Powell ki tap reponn kesyon Jake Tapper nan yon pwogram televize “ State of the Union” sou CNN, deklare ke li pat jamè vote Donald Trump e pa ditou konte vote pou li ankò. Selon Powell, Joe Biden se yon ansyen kòlèg travay li e yon zanmi plis pase 40 lane ke li konnen idewoloji li.

Powell konfime ke li “fyè” pou kantite ansyen jeneral, diplomat ak latriye ki pozisyone sou fason Trump reponn vag pwotestasyon yo semènn.

Comments are closed.