Leta ayisyen ta dwe mete sèktè prive a nan wòl li anndan peyi a ki pa sispan desann nan lanfè

196
0
Share:
TRiboLAND

08/28/2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon konferans deba ki fèt jodi vandredi 28 out 2020 an, anba lobedyans Plateforme des Organisations haitiennes de défense des droits humains (POHDH), Ekonomis Roland Bélizaire denonse gwo tonton problèm ekonomi politik kap brase bil peyi a. Li ankouraje pou Leta pran kontròl deriv ak aksyon ke sektè prive a ap poze ki mete nou nan sa nou ye la!

Ekonomis lan di ke se pasivite Leta ki fè bagay yo dejenere konsa; paske absans kontròl sèktè sa e pichon kòripsyon an, se definitivman koz enflasyon an. Li estime genyen yon seri avantaj ke Leta akòde a sèktè prive sa ki lakoz dwa sosyo-ekonomik tout moun afekte anndan peyi a. Leta dwe mete plis kontròl sou yon seri moun kap deplimen popilasyon an.

Mesye Roland Bélizaire ki raple provizyon ou dekrè oktòb 1989 ki bay Leta pouvwa pou achte tout kalite danre an gwo e revann yo bay popilasyon an yon fason pou anpechè sèktè prive a  fikse pri jan yo pi pito.

Share:

Leave a reply