Lucko Désir manke kraze yon kite sa anba atak nèg ak zam

0 567

Yon gwoup bandi ame atake Luckner Désir alyas “Lucko Désir” nan zònn Carrefour Peille nan depatman Latibonit nan lanwit 8 Avwil 2020 an.

Analis politik byen koni pou emisyon “Maten Deba” sou Radyo Éclair nan Pòtpwens, te ansanm avèk kèk pwòch li lè li te resevwa sou wout Carrefour Peille plizyè katouch nan tèt.

Konsa, enfòmasyon yo ta konfime Lucko pa mouri nan atak la; sepandan lap pran swen medikal e sitiyasyon sante l li ta nan yon kondisyon ki estab.

Divès videyo pa sispann ap paweze sou rezo sosyàl yo ki montre Lucko Désir kap pran swen medikal.

Leave A Reply