Pòdpè :  Moun Ofouno rele chalbari dèyè Majistra Josué Alusma

3,281

05-10-2022

Yon latriye moun nan zòn Ofouno, ki akèlke kilomèt vil Pòdpè, reyini jodia madi 10 me 2022 a ak Laprès pou pale de sitiyasyon malouk yap konnen; alòske bagay swadizan ki rele otorite yo pa janm fè anyen pou yo, pandan yap anvayi e vann san rete tè leta tribò pa bò e pake gro magogo lajan san panse ak bezwen zòn nan.

Moun yo plenyen anpil kont otorite lokal yo ki chwàzi pa fè anyen pou yo, alòske yap chèche mete yo deyò pandan sèlman yo vin nan zòn nan pou vann tè. Dènye gout dlo ki vle chavire kanari a, se yon teren yon bon prochen te bay pou retire yon lekòl la anba vant plaj yo, selon detay moun yo bay ak papye kòm prèv, Mèri Pòdpè vann li pou 90 000 dola US ak yon dyaspora. 

Ofouno plase anba zèsèl vil Pòdpè. Nan lokalite sa, yon ti bokit dlo ap vann 25 goud; lè pa genyen, li koute moun yo anviwon 200 goud. Lapèch, se aktivite primòdyàl kap mal mache nan kanton an. Pa gen sant sante, yon lekòl Nasyonal ap fonksyone an mal makak. Mete sou sa, timoun yo wè tout kalite bagay lè gen aktivite drivayèz ak santi kri sou plaj yo.

Moun yo lonje dwat dirèk sou Majistra Josué Alusma ki gen apeti nan fè dappiyanp ak gagotay ak tè leta; sepandan pèsòn moun pa konnen sa li regle ak katafal lajan sa yo ke lap fè nan move kondisyon sou tèt leta. Sangwen Jovenel Moise te rekondwi a, genyen yon pakèt reselè ki danse kole avèk li nan fè vye tranzaksyon louch, vyòl, pran tè moun, abi otorite ak zak kriminèl yon fason pou yo ka toujou rete nan tèt yon Meri idyo, eskanmòtè ki transfòme site Pòdpè a an vil kokorat.

Kritik yo pa manke voye toya sou elit entèlèktyèl la ki manke nan devwà li nan yon nivo kote ke yo ta kite eskanmòtè kite sove aprè yo te fin kase Eveche vil Pòdpè a epi ki retounen refè tèt yo anba kouvèti leta e kòm si tout moun bliye yo. “Nap pare tann li nan Ofouno”, se deklarasyon youn nan patisipan yo ki tap depoze sou do Majistra Josué Alusma, nan moman yon konferans pou Laprès tap pran chè nan Ofouno.

Richmond Temelus

Comments are closed.