Lapolis Nasyonal Dayiti konfime arestasyon chèf gang Innocent Makendy

07-27-2023
Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kominikasyon li avèk plizyè media, Lapolis Nasyonal Dayiti anonse ke yo mare kon krab, Innocent Makendy, yon manm gang “Ti Bwa”, nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture yèswa mèkredi 26 jiyè 2023 a.
Yo poze lapat sou Makendy, nan moman li tap fè tantativ pou kite peyi Dayiti, anba kouvèti pwogram imanitè Joe Biden nan. Paspò nan men, otorizasyon vwayaj tou limen, pare kon mèt Jan Jak pou anbakasyon, gang sangwen an ki ta pral chape poul li, te jwen ak zo grann li, selon sa otorite yo konfime.






