Lapolis ap chèche kon chyen fou, Laguerre Louis Ancelot pou lanmò madanm li.

823

06-22-2023

Ti Gwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Otorite polisyè ak jidisyè nan komin Ti Gwav mete yo manda pote vini dèyè Laguerre Louis Ancelot, yè madi 20 jen 2023 a. Ancelot tonbe nan mawon aprè ke li ta touye madanm li, Souvenie Joseph nan lokalite Kwayilè, premye seksyon kominal Ti Gwav.

Enfo yo ta fè konnen, Ancelot ta touye Souvenie, paske li te refize kite lakay Ancelot, ki se yon kay modèn. Ancelot ki tap fòse mete Souvenie deyò, ta sanble resevwa plizyè kout kouto anba men Ancelot, ki tonbe nan mawon.

Selon yon sous familyàl, Laguerre Louis Ancelot pat janm okipe 2 pitit gason ke li te genyen avèk Souvenie.

Comments are closed.