Jèn jwè foutbòl Atletic Club ke bandi te kidnape nan Lakwa Peris, jwenn liberasyon li.

689

Boutros Orélus, jwenn liberasyon li jounen lendi 10 jiyè 2023 a.

07-11-2023

Pòdpè, Ayiti (TRiboLAND) Jèn jwè foutbòl Atletic Club kap evolye nan depatman Nòdwès la, Boutros Orélus ke bandi te kidnape nan Lakwa Peris, jwenn liberasyon li, jounen lendi 10 jiyè 2023 a, aprè yon jou sekestrasyon.

Se reyèlman yon gwo souf satisfaksyon, pou lig foutbòl Pòdpè a, fanatik jèn jwè Atletic la, fanmiy, zanmi ak ko-ekipye li, te rejwi tande ke bandi Kokorat San Ras nan zòn Lakwa Peris, te lage pye Boutros Orélus.

Antouka, si pa genyen bonjan detèminasyon popilè ki pran nan mitan pèp soufran an, pou frennen bandi sangwen sa yo ki deja efondre nasyon ayisyèn nan, nou apèn ap mande ki jwè, oubyen ki kad ki pral pwochen viktim nan.

Comments are closed.